Skip to content Skip to left sidebar Skip to footer

Lespri ak Lavi 🎶

Partager maintenant:

Rekèy Im ak Kantik spirityèl

Prezantasyon

Rekèy, ki san patisyon, a a se konpilasyon 233 powèm melodi. Li tradui volonte Alelouya Ministries pou te ede popilasyon espresyon Ayisyèn yo louwe Bondye nan lang nasyonal Ayisyen yo.

Travay adaptasyon, tradiksyon ak konpozisyon chan sa yo kòmanse nan lane 2015 te mande anpil rechèch ak analiz sitou nan chwa mo yo ak chwa chan yo, epi ak pasaj biblik ki ale ak yo a. Sa pa t fasil, men, Bondye te toujou bò kote ekip la.

Nou sèten tout chan ki nan rekèy la va ede adoratè yo chante Non Bondye nan twa nivo, an rapò ak Sòm 150 :

  1. Kontanplasyon : Louwe L nan grandè pisans li. Se kreye yon imaj mantal de pawòl ki nan chan an. Chant lan fè yon imaj osnon reprezantasyon ak mo l ap chante yo.
  2. Aklamasyon: Louwe L nan zèv vanyan l yo. Se esprime, pibliye, rakonte, ak jès ansanm ak|osnon ak mo bagay mèvèy Bondye fè yo. Chante L, bat bravo pou Li.
  3. Meditasyon : Louwe L nan jan L gran. Se egzamine ak pwofondè grandè L nan kontèks sitiyasyon osnon rezon louwanj lan.

Tit Lespri ak Lavi a se yon envitasyon pou chak moun peze pawòl y ap  chante yo. Chak pawòl yo gen efè nan lavi yo ak sou lafwa yo nan Bondye. Pawòl yo gen lavi e yo charye yon kantite enèji.

Travay sa pa pafè, ni konplè, men, li te enpòtan pou n te soti yon premye edisyon. Nou louvri pou resevwa tout kalte remak pou nou kapab amelyore lòt edisyon ki gen pou soti yo.

Tout glwa se pou Bondye ki te met flanm sa nan kè nou !


Partager maintenant:

Attachments