Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Plan Kominikasyon : pou n pi byen reyisi aktivite n yo

Partager maintenant:

Sa rive anpil fwa depatman legliz lokal yo konn planifye kèk aktivite, yo oblije repòte osnon anile aktivite sa yo paske yo pa rive touche kantite moun ki nesesè pou reyalizasyon aktivite sa a. Pafwa tou, aktivite sa konn reyalize nan dat yo te prevwa a, men, se pa jan yo te swete a, ni ak kantite moun yo te swete a. E, lè sa responsab yo ak obsèvatè yo di pwogram nan pa reyisi. Ki rezon ki fè yo pa rive jwenn kantite moun yo te swete a a ? Kisa ki lakoz aktivite a pa reyisi ?

Nan mitan divès repons valab nou kapab jwenn yo, n ap konsidere pwoblèm ki gen pou wè ak komikasyon. Sa ki ta vle, depatman an echwe nan objektif li, paske nan planifikasyon yo li sanble manke mete aksan sou kesyon kominikasyon yo. Sa kapab tradui konkrètman ak absans yon plan kominikasyon. E se sa nou pral konsidere la a.

Men, anvan n rive pi lwen, n ap di sa ki toujou pi enpòtan an, se lapriyè. Li toujou enpòtan pou responsab depatman an/legliz la priye anpil pou reyisit sa yo vle reyalize a. Lapriyè se yon nesesite.

Kisa ki yon plan kominikasyon ?

Yon plan kominikasyon[1] se yon dokiman ki rasanble tout aksyon kominikasyon yo imajine pou pwomosyon yon mak, yon pwodui, yon manifestasyon, yon evennman, yon enstitisyon elatriye.

Tout aksyon kominikasyon yo, kèlkanwa nati yo (maketin dirèk, kanpay piblisitè, òf evennmansyèl, elatriye…), yo chita nan plan kominikasyon sa a. Plan kominikasyon an, ki plizoumwen detaye, yo transmèt li bay yon ajans kominikasyon ki la pou fè aplike li (la nou nan kominikasyon ekstèn). Se li menm kounye a k ap adapte l epi egzekite l.

Planifikasyon, estimasyon bidjè a ak objektif kominikasyon an se enfòmasyon prensipal ki anndan plan kominikasyon an.

Ki objektif yon plan kominikasyon ?

Nan yon senp fraz n ap di objektif plan kominikasyon an se poze pi bon aksyon nan domèn kominikasyon pou reyalize yon objektif byen defini.

REYALIZE YON PLAN KOMINIKASYON

Gen kat (4) bagay ki nesesè pou konsidere nan kad elaborasyon yon plan kominikasyon. Nan lang ameriken an yo di : S.W.O.T analysis, nan lang Fransè ak Ayisyen an se analiz F.F.O.M. Yo enpòtan anpil paske l ap ede antite a pozisyone tèt li, sitou parapò ak moun li sible yo, pou plan an kapab pote rezilta l swete a.

  1. F. Fòs
  2. F. Feblès
  3. O. Opòtinite
  4. M. Menas

De premye yo gen pou wè ak reyalite ki anndan antrepriz la. De dènye yo gen pou wè ak reyalite ki deyò antrepriz la.

Sis (6) kesyon nan yon plan kominikasyon

  1. Kisa : Kisa depatman an/legliz la vle fè konnen ? Tèt li, yon pwodui, yon aktivite, yon pwogram, yon enfòmasyon ? Nan elaborasyon mesaj la, y a va byen chita sou « nannan mesaj », pati ki pi enpòtan pou piblik la kenbe a. Yo va konsidere kòd komen an, sansiblite yo, lwa peyi a, vokabilè a, valè enstitisyon an…
  2. Poukisa : Nan ki objektif depatman an/legliz la vle fè pase mesaj la ? Yo va defini objektif la/yo aklè.
  3. Kilès : « Kilès » reprezante moun yo sible a/yo. Yo rele moun sa yo sib. Lè yo idantifye sib la, sa pèmèt yo pi byen sèvi ak resous yo. Nan sib la, gen sa yo rele « nannan sib » la, se moun ki dwe jwenn mesaj la nenpòt sa sa koute.
  4. Ki jan : Ak ki mwayen egzat depatman an/legliz la vle touche sib la ? La, li pral chita pou l elabore chemen ak mwayen (kanal ak sipò – laprès, medya, non-medya), dapre pètinans yo pou sib la, pandan y ap chita sou rapò ki genyen ant avantaj ak dezavantaj mwayen sa yo.
  5. Konbyen : Ki bidjè depatman an/legliz la dwe konsakre pou fè pase mesaj sa ? Nan elaborasyon bidjè a, fòk yo konsidere respons kesyon 5 la yo.
  6. Ki lè : La, depatman an/legliz la pral elabore yon orè/kalandriye pou chak aksyon nan plan an. Sa ka rive chak aksyon mande yon orè/kalandriye apa.

Tout sa depatman an/legliz la ap fè pou Bondye, li merite pou l byen fèt. Jenèz klè sou sa tout sa Bondye te fè te bon. E byen fèt la chita sou bon planifikasyon. Elaborasyon plan kominikasyon an antre nan  kad bon planifikasyon. Nan legliz lokal yo, nou kapab gen lòt rezilta si n adapte epi aplike kontni sa a.

Suiv lyen sa pou n kapab jwenn yon fòmilè pou elaborasyon plan komikasyon : https://alelouya.org/wp-content/uploads/2019/03/Fich-redaksyon-Plan-Kominikasyon.pdf

*Nòt : Menmsi yon enstitiyon pa relijye, li kapab adapte kontni sa pou l sèvi.

La Rédaction – AlelouyaORG


[1] https://goo.gl/aAxhyq


Partager maintenant: