Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Non ! Nou pa ta dwe rele pastè ak prèt “reveran” !

Partager maintenant:

Nan Bib la w jwenn mo ki tradui ak “reveran” an yon sèl fwa (Sòm 111.9), e tit sa se pou Bondye sèlman yo sèvi ak li. Bib la pa t janm itilize l pou l pale de yon responsab legliz, yon prèt, osnon kèlkanswa moun nan. Malerezman, prèt katolik ak pastè pwotestan reklame tit “reveran” an, (pafwa menm “trè reveran an”)…

Se pa moun nou dwe egzalte ak adore ; se Bondye, sèl Bondye vrè e ki vivan an, se li menm nou dwe adorasyon ak reverans.

« Se pa moun nou dwe egzalte ak adore ; se Bondye, sèl Bondye vrè e ki vivan an, se li menm nou dwe adorasyon ak reverans. Dapre ansèyman Bib la, sa dezonore Bondye pou rele minis yo “reveran”. Okenn moun (mòtèl) pa gen dwa mete tit sa devan non pa l osnon devan non lòt moun. Bondye sèlman l ye ki kapab distenge tèt li de tout lòt èt. Sila yo ki reklame tit sa a pran onè [sen] ki pou Bondye a. Yo pa gen dwa… kèlkanswa pozisyon yo. “Non Bondye sen ak ‘reveran’. Nou dezonore Bondye lè n itilize mo sa kote l pa gen plas li ». Evangelism, p. 133.

Sous : Estrè yon atik Ministry Magazine


Partager maintenant: