Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Legliz Pale : 5 Rezon ki ta kapab esplike silans Legliz Advantis la

Partager maintenant:

Atik sa pa angaje Legliz Advantis. Li angaje sèlman Redaksyon Alelouya.

Anba tèm Legliz Pale, yon bon kantite Pwotestan, sou inisyativ divès òganizasyon relijyez, mache nan lari Pòtoprens nan dat 26 jiyè 2020 an, pou denonse ‘imoralite’ ki genyen nan Nouvo Kòd Penal la.  Legliz Advantis ki se manm Federasyon Pwotestan Ayiti a absan, alòs se ta yon okazyon pou l defann kwayans li. Li sanble absan e l pa pale.

Men senk (5) rezon ki ta kapab esplike silans li :

  1. Maryaj
    Legliz Advantis marye tout moun, tout kalte relijyon, dapre ansèyman Bib la ak sa Leta di. Li pa fè maryaj san Kòd Sivil la. Nan sa Leta Ayisyen di sou maryaj, pa gen okenn kote li ekri pou marye de (2) moun menm sèks ; e Kòd Penal la pa abwoje okenn dispozisyon Leta pran sou maryaj.
  1. Dwa Sivil ak Kwayans Relijyez
    Legliz Advantis enplike l pou defann ‘Libète Konsyans’, li nome moun pou sa a menm. Li rekonèt chak moun gen libète pou l viv kwayans li, menm nan zafè sèvis militè. Sa l kwè yo chita sou fason l konprann Bib la, e tout moun pa bay ansèyman biblik yo menm valè, e yo pa konprann li menm fason.
  1. Diferans ant peche
    Legliz Advantis kwè epi l anseye, si yon moun peche kont yon sèl kòmandman, se tankou l te peche kont tout lòt yo. Li kwè tou pa gen ni gwo ni ti peche. Se pa peche seksyèl sèlman ki peche, kidonk, tandans denonse yon peche epi kite rès yo (tankou awogans, ògèy, wout mal, rayisman, bay manti…) sa a se abominasyon. Tout peche, sou kèlkanswa fòm nan, dwe pwovoke menm endiyasyon an, paske tout gen lanmò kòm konsekans.
  1. Sèvis
    Si divès òganizasyon kwè se maryaj ak antèman yo kapab ofri kominote a, Legliz Advantis ofri kominote a byen ak sèvis, san diskriminasyon  nan divès domèn tankou edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl, sante fizik ak mantal, nitrisyon, omònri. Li rekonèt tout sa yo kòm mwayen pou pataje Esperans lan. N ap souliye nan Krisyanis la, pou kesyon sèvis nan kominote yo, apre Legliz Katolik, se Legliz Advantis ki vini.  
  1. Pwotokòl
    Toutfwa ta gen yon sitiyasyon ki opoze kwayans Legliz la ak Leta, fè pèlerinaj nan medya epi mache nan lari pa nan koutim ak tradisyon Legliz Advantis kòm enstitisyon. Kòm demach administrativ, dabò se yon antant alamyab, l ap eseye jwenn san l pa konpwomèt valè l. Si sa ta rive pa gen yon antant alamyab, li kapab pote kòz la nan tribinal ak lòt enstans ki kapab tranche.  

Partager maintenant: