Kisa ki di sou konsekrasyon fanm kòm ansyen legliz ?
Konsekrasyon spesyal
Konsekrasyon fanm kòm ansyèn nan Legliz[1]. (desizyon sa vote nan konsil anyèl Konferans Jeneral an 1984). Tout kongregasyon gen libète pou chwazi yon moun sèks feminen li konsidere ki kapab jwe wòl ansyèn nan legliz li. Moun sa dwe ranpli kondisyon ki nesesè yo. Men, lakoz konsekrasyon fanm kòm ansyèn legliz kapab yon sijè konfli, okenn kongregasyon pa kapab aji konsa san l pa konsilte davans administrasyon chan lokal la, yon fason pou prezève inite legliz la.
- Yo dwe byen etidye konsèp la, diskite l, e fòk legliz lokal la dakò l.
- Si yon legliz chwazi fè sa, komite federasyon/misyon an dwe diskite epi apwouve sa, lè sa komite sa va mande administrasyon inyon an konsèy. Negosyasyon ant legliz la ak federasyon/misyon an dwe fèt anvan legliz lokal la apwouve desizyon final la.
- Yo pa kapab pran desizyon pou nome osnon konsakre fanm ansyèn legliz lokal san li pa klè nan tèt tout moun ministè yon fanm pou asire wòl ansyen posib, e menm esansyèl pou byennèt legliz la lokal la nan tout sans. Fòk legliz la dakò sou sa tou, yon ansyèn merite respè kòm dirijan spirityèl, k ap kontribye nan sove nanm. Legliz la kapab fè konnen konviksyon l kòmkwa genyen aspè, nan konsèy ak sèvis spirityèl, yon ansyen pa kapab asime.
- Pifò majorite manm legliz lokal la dwe apwouve desizyon sa. Y ap chita sou koze sa a nan yon reyinyon administrativ legliz la, k ap fèt pou koze sa menm. Tout manm legliz la yo ta dwe gen okazyon pou vote sou sijè sa. Yo pa dwe trete kesyon sa nan yon reyinyon òdinè, kote se prèske menm pwen yo yo diskite e kote pa gen anpil manm ki patisipe. Menmsi komite legliz la dwe etidye kesyon sa davans, se legliz la ki va pran desizyon final la nan yon reyinyon administrativ.
- Kèlkanswa desizyon legliz la, se tout moun nèt ki dwe dakò sou sa ; li p ap yon sous divizyon ak separasyon. Kò Kris la, legliz, pa kapab sal kèlkanswa fason an. Konsènan kesyon enpòtan sa, menm jan ak lòt yo, non Senyè ak Sovè nou an dwe jwenn egzaltasyon.
__
Tradiksyon Fransè – Kreyòl Ayisyen : Redaksyon an
[1] [1] Manuel d’Église, p. 193, Edisyon 2015, IADPA, Kolonbi