Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Èske w kapab leve men w anlè lè w ap louwe ?

Partager maintenant:

Nan divès kominote kretyèn e pou anpil kretyen, kesyon leve men anlè a pa fin bynevini nan kesyon louwanj. Konn pa gen yon kote fòmèl yo entèdi sa, men, yo konn dekouraje sa anpil. Pafwa se nan non yon idantite, pafwa tou se nan non lòd ak byenseyans. E, moun ki ta gen tandans leve men an, yo deja ta vle ba l yon pase relijye, pou di li pa natif kominote ki pa leve men an. Men tou, gen lòt kominote, l ap difisil pou w pa ta wè yo leve men, pou anpil moun nan kominote sa yo leve men anlè a se nanm louwanj lan. An n gad kisa Bib la di sou kesyon an.

Nan yon sòm nan Bib la n kapab konsidere tankou gid metodik louwanj, Sòm 150, nou jwenn anpil enstriksyon sou koze louwanj. Nan Sòm sa a, li pa di pou n leve men n lè n ap louwe, li pa entèdi sa a nonplis. Li bay yon lis enstriman pou louwe Bondye, epi l di danse pou n louwe, li pa site men. Yon moun ki pou leve men kapab vin ak ipotèz leve men an antre nan dans la, osnon Sòm nan pa di l paske pifò nan enstriman mizik yo mande pou itilize de men. Nou p ap fòse tèks la di sa di. Men, tou, se pa yon mal si yo li nan entèliy tèks la. An n wè kèk sans ak siyifikasyon leve men an genyen.

Leve men gen divès sans ak siyifikasyon dapre kontèks la ak teritwa a. Li kapab tradui : soumisyon/obeyisans, alejans, apwobasyon, apresyon, entèsesyon/demann, mak atansyon…

Si n konsidere Egzòd 17.8-16, nou kapab di lè men an leve nan yon batay kont lennmi an, se dirèkteman devan twòn Bondye li leve. Kidonk, leve men se ta tankou yon prensip osnon yon strateji nan konba spirityèl.

Nan litiji Legliz la yo jounen jodi a, mesaj/sèmon okipe yon plas enpòtan, e apre chak mesaj/sèmon kongregasyon an reponn : « Amèn » ! Sa ki, dapre divès diksyonè biblik, vle di : « Wi, mwen dakò », « Sa ki di a se sa », « Se konsa pou sa ye ! » . Nan Neyemi 8.6, lè pèp la t ap di Amèn apre lekti tèks Lwa a, moun yo te leve yo. Leve men an se yon jès kiltiyèl, ki gen sans apwobasyon.

David konsidere leve men an tankou ofrann yo te konn ofri, kòm toujou, lè labrindisw sou lotèl Bondye a (Sòm 141.2; cf. Egzòd 29.41).

Nan Premye Legliz la, Pòl esprime volonte l sou fòm yon lòd, ladan li mansyone leve men an :  “Wi, mwen vle pou moun k ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan L pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn” (1 Timote 2.8). Leve men an, se yonn nan fason, dapre Bib la, moun louwe epi adore (gad Sòm 134).

Men yo pa sèlman la pou leve, nan louwanj pou Bondye kongregasyon an kapab bat men yo tou : “Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!” (Sòm 47.2). Bat men vle di kè kontan, li vle di viktwa (Ezekyèl 25.6 ; Lamantasyon 2.15 ; Jòb 27.23 ; Ezekyèl 6.11 ; Nawòm 3.19).

Sou baz konsiderasyon sa yo, tout adoratè lib pou leve men yo anlè lè y ap louwe Bondye, pandan y ap fè sa nan lòd ak byenseyans. Bondye pa nan dezòd.

Louwanj se espresyon kè, espresyon nanm. Kidonk, leve men anlè a dwe soti nan kè, nan nanm. Yon bagay ki enpòtan pou n sonje, louwanj Bondye a se pou Bondye, se vre se nanm nan k ap esprime l nan louwanj lan, men, se pou moun k ap louwe Bondye nan kominote a pa tounen sant louwanj lan, nan atire atansyon sou li, swa nan leve men, swa nan bat bravo. Yon kote jès litijik sa yo deranje lespri adorasyon an, osnon detounen lespri adoratè yo, li enpòtan pou n pran anpil prekosyon.

Redaksyon an – AlelouyaORG


Partager maintenant:
0 0 votes
Article Rating
3 Comments
Oldest
Newest Most Voted
Inline Feedbacks
View all comments
Jonas Laurince

Teks la byen ekri wi. Se pa moun ki pou ap fòse w bi mande w leve men w anlè pou w louwe Bondye. Men se ou menm kk pou santi yon pouse pou w fe sa. Epi too depi legliz la pa nan styl adorasyon gospel ak worship kote w gen yon libete pou w danse, bat men … ou pap ka leve men w nan yon adorasyon styl tradisyonel ak yon orgue oswa yon piano.
Bravo pou trks la ak referans biblik ki ladan l yo.
Bondye beni nou !!!

Max

Mèsi!

Carly

Pratik leve men an nan Bib la toujou fèt lè pèp la pa andedan tanp lan. Chak kote aksyon leve men an mansyone, se toujou lè pèp la pa twouve l’ anndan tanp lan, e se pou yo kapab moutre koneksyon yo ak sanntyè ki se te kote Bondye abite. Sa vle di yo te an kominyon ak Bondye paske yo te toujou leve men yo nan direksyon tanp lan.