Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

COVID-19 : Yon branch cheve nan Bib la ?

Partager maintenant:

Par Jean Carmy Félixon

Ayè premye Avril 2020 an, menmsi se pa t jounen La Bib, ni yon jou kil, anpil anpil moun te louvri Bib yo. Objektif la se pa t pou konnen kisa Pawòl Bondye a di, men, se pou chache yon grenn cheve. Dapre enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo, se yon ‘revelasyon Bondye bay’. Tout moun ki jwenn grenn cheve sa dwe bouyi l, epi bwè « te cheve » sa ak tout fanmi yo, e sa ap fè yo pa viktim nan Kowonaviris la. Pou divès moun, sitou kretyen, se ta vrèman revelasyon Bondye, pou anpe lòt se ta zèv dyab la. Men, tou, gen moun ki pase sa nan betiz. Ant konfyans, dout ak panik, yon fè reyèl, anpil moun jwenn yon branch cheve, kout osnon long, nan Bib yo. Kijan n kapab konprann sa a ?

Si koze cheve a kòmanse fè aktyalite sèlman ayè nan kominote kretyèn ak non-kretyèn Ayisyèn nan, gen anviwon de (2) semèn li t ap fè aktyalite nan kominote mizilmàn nan. Divès mizilman ki te louvri Koran an, ki se liv sakre yo a, te jwenn yon branch cheve. Branch cheve sa se ta cheve pwofèt yo ak fondatè relijyon a (Islam), ki rele Mawomèt (Abū al-Qāsim Muḥammad). Yo te dwe fè menm egzèsis la pou yo pa pran nan Kowonaviris la, yo menm ak tout fanmi yo. N ap raple èt siprèm (dye) mizilman yo rele Allah.

Anpil moun jwenn cheve a. Se yon reyalite n pa kapab inyore. Nou pa rive verifye si se nan yon Bib osnon yon Koran tou nèf moun yo jwenn branch cheve a, epi si se nan yon espas ki pa gen aksè ak pousyè. Toutfwa, sa pa anpeche n emèt ipotèz nou pral avanse la. Dapre Enstiti Salvadò, nou gen ant 120 000 ak 150 000 pye cheve, pou piti chak jou nou pedi ant 60 rive 100 branch, men, ki repouse. Byen petèt nou pa toujou remake sa, men, bwòs nou ak peny nou kapab ba n yon pi bon rapò. Lè cheve ap tonbe, yo tonbe tout kote. Se pa pou granmesi yo rekòmande pou yon moun mare tèt li (kouvri cheve l), lè l ap fè manje. Menm jan van ka trennen yon grenn pousyè mete nenpòt kote, konsa l kapab fè pou nenpòt grenn cheve. Kidonk, depi nan pwodiksyon yon liv jouk nan itilizasyon l, nou kapab jwenn plis pase yon grenn cheve.

Koze cheve sa gen yon aspè espirityèl ladan, gen twa (3) eleman ki bay sa jarèt. Dabò, li mete 2 liv sakre nan espektak. Ansuit, li fè kwè se Letènèl/Allah k ap aji. Finalman, li konsène lavi moun. Sou baz sa, nou kapab poze divès kesyon. Nan yon moman kote ta sanble gen mouvman k ap fèt pou fè Islam ak Krisyanis vin yon sèl relijyon ki gen non Chrislam (Krislam), èske se yon fason pou fè kwè Bib la ak Koran an gen menm valè e yo gen menm otè ? Èske se yon fason pou fè kwè menm pèsonaj ki pote non Letènèl la, se li menm tou ki rele Allah a, kòmkwa pa gen okenn diferans objektiv ant yo ? Èske tou se pa yon fason pou moun pa suiv okenn rekòmandasyon otorite sanitè yo ak Leta sa ki kapab lakoz plis moun mouri ? Ki sans sa genyen nan yon kontèks espirityèl, si n ap konsidere lagè ki genyen ant fòs byen yo ak fòs mal yo ki gen anpil may ?

Kesyon an pi gran pase sa toujou. Yon pye cheve gen anpil anpil enfòmasyon ladan. San n pa tonbe nan domèn syans-fiksyon poukisa yon demach bouyi cheve, bwè te cheve ? Èske se yon senp egzèsis k ap fè moun fè tenten, pou teste kwayans moun, pou pran moun pou kobay nan yon esperyans ?

Kanta pou kesyon moun ki fè rèv yo sou koze a, se pa yon koze ki twò fasil pou abòde nan yon paragraf. Toutfwa, nou kapab sèlman di yon moun kapab chwazi ki rèv pou l fè, pwovoke yon rèv. San n pa konfonn rèv ak sonj, n ap raple, lè n nan yon sitiyasyon difisil, yon pati nan èt nou (nan konsyans nou – sibkonsyan an) kapab pwovoke rèv. Epi, gen divès metòd ak mwayen pou yon antite (ki kapab yon moun) vyole konsyans nou nan yon pwosesis manipilasyon sibliminal pou antre yon mesaj nan sibkonsyan nou, ki pou vin jwenn nou sou yon lòt fòm lè n ap dòmi.

Kèlkanswa konklizyon n ta genyen sou kesyon an osnon kèlkanswa jan n ta kapab entèprete l, kontinye suiv rekòmandasyon otorite sanitè yo ak Leta. Lave men nou, nan peyi ki pa gen konfinman obligatwa men ki anrejistre plizyè ka Kowonaviris si nou pa bezwen pa soti, evite twòp kontak sosyal, pwoteje figi nou, pa strese, epi asepte tout sa n pa kapab chanje. Pa bliye tou, yon grenn cheve, tankou yon grenn pousyè kapab tout kote.

Piblikasyon sa angaje sèlman moun ki ekri l la.


Partager maintenant:
0 0 votes
Article Rating
1 Comment
Oldest
Newest Most Voted
Inline Feedbacks
View all comments
Maximin Jeannithe

Kòrèk !