Skip to content Skip to left sidebar Skip to right sidebar Skip to footer

Sèlman pou gason

Partager maintenant:

Pou w kapab koute pi byen

« Madanm mwen souvan ap plenyen mwen pa koute l. Franchman, plenyen l yo fatige m. Pwoblèm nan, dapre mwen, li gen abitid kòmanse pale san l pa wè m nan telefòn, m ap gad televizyon osnon m ap fè yon lòt bagay. Li kwè depi l louvri bouch li, mwen ta dwe koute tout sa l di. Souvan l di m nou te pale de yon bagay ayèwoswa, e m konnen m pa t pale de sa ak li. Yon ti èd souple. Pafwa m panse tèt mwen ap pati. »

Bon jan kominikasyon an se yonn nan konpetans ki pi difisil pou moun metrize nan tout relasyon, sitou nan maryaj. Depi yon koup marye lontan, li pwobab pou l metrize kominikasyon, sof si li pa ta fè l entansyonèlman.

Sa w dekri la a ap kontinye vin pi grav tanzantan, sof si ou menm ak madanm ou rekonèt danje sa reprezante pou lavni maryaj la e w deside fè yon lòt fason pou w jere sa. Si w pa mande Bondye pou L ba w volonte ak kapasite pou w jere sa, mank konpreyansyon w konsidere ki genyen lakay madanm ou an ap vin pi plis, e l ap fè w plis mal.

Pi vit ou reyalize se tèt ou w kapab kontwole pi byen, pi vit w ap rive konprann sa k ap pase lakay madanm ou an epi mete yon strateji pou w pa kite relasyon an detòryore anndan maryaj la.

Apot Pòl ekri : « Mari, renmen madanm nou, menm jan Kris renmen Legliz, epi li bay tèt li pou li » (Efezyen 5.25). Sa se yon gwo defi pou mari yo, paske sa gen pou wè ak madanm yo. Bib la endike aklè mari yo dwe yon modèl Kris nan maryaj yo. E, lè w tankou Kris sa vle di w pare pou w sakrifye w pou lòt la, menmsi w pa fè anyen ki mal. Nou konn sa, Kris mouri pou legliz, ki se pechè, malgre Kris pa t peche.

Lè w tankou Kris nan maryaj ou sa vle di w fè tout sa w kapab pou w rezoud pwoblèm ou genyen ak madanm ou. Alò, kijan w kapab fè sa ?

Dapre John Gottman, yon chèche spesyalis nan domèn maryaj, yon mari dwe kominike ak madanm li nan akwostich[1] sa a : A-M-O-N-I

Asiste. Bay madanm ou tout atansyon w lè l bezwen sa.

Modifye – pozisyon w. Vire pou w gade madanm ou fasafas pandan w ap pale ak li.

Ouvri – entelijans ou. Nenpòt sa l di, objektif la se konprann. Pa pwopoze solisyon ; pa eseye rezoud pwoblèm nan. Poze kesyon sou sa l santi a ak tout sans sa gen pou li. Montre sa enterese w epi eseye konprann li.

Note. Note tout sa l di yo, sa ap enpòtan lè w va gen pou w rezoud pwoblèm yo.

Inonde. Antre nan emosyon an. Alòs konpreyansyon an se yon ekzèsis mantal, antre nan emosyon an (anpati) se yon egzèsis emosyonèl pou w mete w nan plas li. Eseye santi sa l santi a.

Si nou byen suiv konsèy sa yo, nou panse n ap sou wout pou n kapab genyen pi bon relasyon ak madanm nou. Sou menm koze sa, Bib la te di yon bagay ki sanble ak sa : « Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè » (Jak 1.19).

N ap priye pou ou ak madanm ou.

Willie Oliver, PhD, CFLE, Minis òdone, se konseye pastoral ak sosyològ fanmi, li se direktè depatman Ministè Fanmi yo nan Legliz Advantis Mondyal.

Elaine Oliver, MA, LGPC, CFLE, edikatris ak sikològ konseye, se direktris adjwen depatman Ministè Fanmi yo nan Legliz Advantis Mondyal.

Nou kapab kominike ak yo nan adrès sa a : Family.Adventist.org osnon HopeTV.org/RealFamilyTalk.

Atik sa a nan Adventist World

Tradiksyon ak Adptasyon – AlelouyaORG


[1] Akwostich la an Anglè se yon vèb A-TT-U-N-E, ki vle di amonize.  


Partager maintenant: