Skip to content Skip to left sidebar Skip to footer

Kominike Legliz Advantis sou « transeksyalis » osnon disfori seksyèl

Partager maintenant:

Kominike sou « transeksyalis » osnon disfori seksyèl Komite Egzekitif Legliz Advantis Setyèm Jou te vote pandan reyinyon prentan pou ane 2017 la.

Nan wòl moderatè l, Ted Wilson, Prezidan Legliz Advantis Setyèm Jou a, te ankouraje pou vote deklarasyon an « dapre jan n konprann bagay yo, nou kapab mete kèk mo|fraz, kote sa nesesè, pou nou ka fè l mwens abstrè [fè l pi konkrè] ». Li te kontinye pou l di : « sèl bagay nou pa vle fè se chase moun lwen Kris ak Legliz. Nou vle yo vin nan pye lakwa ak gras Li ki ka chanje moun. »

Komite Etik Enstiti Rechèch Biblik, Ekkehardt Mueller ap dirije, li se tou direktè annapre Enstiti Rechèch Biblik la, ansanm ak etisyen, savan biblik, teyolojyen, sosyològ, sikològ, ak manm kominote medikal la, te gen responsablite pou ekri deklarasyon sa.

« Deklarasyon sou transeksyalis »

Priz konsyans k ap grandi sou nesesite ak defi gason ak fanm transeksyèl yo ansanm ak fason koze transksyèl la ap vale teren nan mond lan fè poze anpil gwo kesyon, pa sèlman pou sila yo fenomèn transeksyèl la afekte a, men tou, pou Legliz Advantis Setyèm Jou. Sila ki idantifye yo kòm transeksyèl ap viv kèk reyalite tout moun nèt viv. Nou rekonèt sitiyasyon yo a, e n dakò nou tout pa byen konnen reyalite yo a. Men, nou kwè Ekriti yo bay prensip pou gide ak konseye moun transeksyèl yo ak Legliz la, prensip ki depase kilti ak sa tout moun dakò sou yo.

Fenomèn transeksyèl la

Nan sosyete modèn nan, idantite seksyèl vle di « wòl, nan lavi piblik (e jeneralman idantite legal), kòm ti gason osnon ti fi, mesye osnon madanm », menmsi sèks fè referans ak « endikatè biyolojik pou mal ak femèl ».[1]  Jeneralman idantifikasyon seksyèl aliye (fè youn) ak sèks biyolojik moun nan lè l fèt. Men, sa ka rive yo dezaliye (separe) nan nivo fizik e/osnon mantal|emosyonèl.

Nan nivo fizik la, mank klète jenital la ka soti nan anòmali anatomik ak fizyologik, kote yo paka wè aklè si se yon tifi osnon yon ti gason. Yo souvan rele difikilte pou fè diferans anatomik seksyèl sa èmafrodis osnon entèseksyalis.[2]

Nan nivo mantal|emosyonèl dezaliyman se pou moun sèks yo parèt aklè, men, ki idantifye yo ak sèks ki opoze ak sèks biyolojik yo.

Yo ka dekri tèt yo tankou moun ki tonbe nan yon move kò. Lontan yo te diagnostike transeksyalis la tankou yon « twoub indantite seksyèl », kounye a yo rele l « disfori seksyèl », se tankou yon konsèp jeneral pou dekri tout fason moun entèprete epi esprime indantite seksyèl yo yon fason ki diferan de sila yo ki detèmine idantite seksyèl yo sou baz sèks biyolojik yo.[3]  « Disfori seksyèl manifeste divès fason, ki gen ladan gwo anvi pou moun nan jwenn tretman menm jan ak lòt sèks la osnon pou moun nan voye karakteristik seksyèl li jete, osnon yon gwo konviksyon sou sa l santi ak reyaksyon l genyen sèlman pou lòt sèks la. »[4]

Lakoz tandans kontanporen, k ap pran pye, pou rejte systèm de sèks biblik la (mal ak femèl) la, epi ranplase l ak yon lo sèks tout kalte, sitiyasyon transeksyalis la deklannche kèk chwa yo vin  konsidere kòm nòmal epi aksepte nan kilti jounen jodi a. Men, dezi /anvi pou chanje osnon viv tankou yon moun sèks opoze a ka mennen nan chwa mòd lavi ki pa mache ak Bib la. Egzanp, disfori seksyèl kapab ka bout nan travestisman [pote abiman sèks opoze a], [5]operasyon reyafektasyon [transfè] seksyèl, e dezi/anvi pou marye ak moun menm sèks biyolojik. Yon lòt kote, moun transeksyèl yo ka soufri nan silans, viv yon lavi seliba, osnon marye ak yon moun sèks opoze a.

Prensib Biblik sou sekyalite ak fenomèn transeksyalis la

Pandan nou dwe evalye fenomèn transeksyalis la dapre Ekriti yo, prensib ak ansèyman biblik sa yo ka ede kominote lafwa a nan rapò yo ak moun disfori seksyèl la afekte, yon fason biblik ki sanble ak Kris :

  1. Bondye te kreye limanite [moun] tankou de pèsonaj ki te nan lòd sa, an palan de sèks, mal ak femèl. Depi Bib la ap pale de sèks se sèks biyolojik (Jenèz 1.27 ; 2.22-24) e l pa fè distenksyon ant yo de a. Pawòl Bondye a deklare yonn konplete lòt ak e l montre aklè distenksyon ant mal ak femèl nan kreyasyon an. Istwa kreyasyon Jenèz la fondalnatal pou tout kesyon seksyalite moun.
  2. Dapre Bib la, moun se yon inite sikosomatik. Egzanp, toutan Ekriti yo rele moun an antye yon nanm (Jenèz 2.7, Jeremi 13.17; 52.28-30; Ezekyèl 18.4; Trav 2.41; 1 Korentyen 15.45), yon kò (Efezyen 5.28; Women 12.1-2, Revelasyon 18.13), lachè (1 Pyè 1.24), ak Lespri (2 Tim 4.22, 1 Jan 4.1-3). Konsa, Bib la pa andose dyalis nan sans separasyon ant kò yon moun ak sans seksyalite li. Ak tou, pa gen moun imòtèl dapre Bib la paske se Bondye sèlman ki posede imòtalite (1 Tim 6.14-16) e L pral bay sila yo ki kwè nan Li nan premye rezireksyon an imòtalite (1 Korentyen 15.51-54). Konsa tou, yon moun vle di yon antite seksyèl pèsonn pa kapab divize, e idantite seksyèl pa kapab pa depann de kò moun nan. Daprè Ekriti yo, idantite seksyèl nou, jan Bondye fè l la, detèmine ak sèks biyolojik la depi nan nesans (Jenèz 1.27 ; 5.1-2 ; Sòm 139.19-14 ; Mak 10.60).
  3. Men, Ekriti yo rekonèt, lakoz peche a, (Jenèz 3.6-19) tout moun nan an antye – sa vle di : fakilte mantal, fizik ak espirityèl nou – afekte ak peche (Jeremi 17.9 ; Women 3.9 ; 7.14-23 ; Gal 5.17) e bezwen Bondye fè yo tou nèf (Women 12.2). Emosyon, sansasyon ak pèsepsyon nou yo pa endikatè nou ka fè konfyans sanpousan sou konsepsyon, objektif ak verite Bondye a (Pwovèb 14.12 ; 16.25). Nou bezwen direksyon Bondye nan Ekriti yo pou detèmine sa ki nan pi bon enterè nou ak viv daprè volonte Li (2 tim 3.16).
  4. Pakse kèk moun revandike yon idantite seksyèl ki pa mache ak sèk biyolojik yo revele yon gwo dikotomi, separasyon osnon detrès sa, kit li santi osnon l pa santi, se yon espresyon konsekans peche sou moun e l ka gen yon pakèt kòz. Menmsi disfori seksyèl pa imoral nan nannan l, li ka mennen nan chwa imoral. Se yon lòt bagay ki montre, nan yon nivo pèsonèl, moun enplike nan gwo konfli a.
  5. Toutotan moun transeksyèl yo pran angajman pou kòmande lavi yo daprè ansèyman biblik yo sou seksyalite ak maryaj yo ka vin manm legliz Advantis Setyèm Jou. Bib la idantifye, aklè e toujou, tout aktivite seksyèl deyò maryaj etewoseksyèl (gason ak fanm) tankou peche (Matye 5.28, 31-32 ; 1 Timote 1.8-11 ; Ebre 13.4). Mòd lavi seksyèl altènatif yo se defòmasyon imoral bon kado seksyalite bay Bondye a (Women 1.21-28 ; 1 Korentyen 6.9-10).
  6. Paske Bib la gade moun kòm yon antite an antye e li pa diferansye ant sèks biyolojik ak indantite seksyèl, Legliz la bay moun transeksyèl yo pinga kont operasyon chanjman sèks, ak kont maryaj si yo te sibi yon pwosedi konsa. Nan pwennvi Biblik nati moun an antye a, si yon moun te chanje sèks li osnon idantite seksyèl li nan chiriji e l entegre sa, nou pa kapab espere yon moun nan ap retounen jan l te ye anvan an konplètman.
  7. Bib la mande disip Kris la yo pou renmen tout moun. Yo kreye nan imaj Bondye, yo dwe trete yo ak diyite ak respè. Sa gen ladan moun transeksyèl yo. Aksyon pou pase yo nan betiz, abize osnon fawouche moun transeksyèl yo pa mache ak Kòmandman biblik la, « ou dwe renmen pwochen w tankou pwòp tèt ou » (Mak 12.31).
  8. Legliz la, kòm kominote Jezi destine pou [se] refij ak plas esperans, atansyon, ak konpreyansyon pou tout sila yo ki anbarase, k ap soufri, k ap debat, e ki solitè, paske « Li p ap kase yon wozo ki koube, e Li p ap tenyen yon len k ap bay lafimen » (Matye 12.20). Tout moun envite pou jwenn asistans nan Legliz Advantis Setyèm Jou a, e jwi fratènite kwayan li yo. Sila yo ki manm ka patisipe totalman nan lavi Legliz la toutotan yo anbrase mesaj, misyon ak valè Legliz la.
  9. Bib la pwoklame bòn nouvèl sa : peche seksyèl moun etewoseksyèl, omoseksyèl ak transeksyèl, ak tout lòt yo ka padone, e lavi yo ka chanje nan lafwa nan Jezi (1 Korentyen 6.9-11).
  10. Sila yo ki esperimante dezaliyman ant sèks biyolojik yo ak idantite seksyèl yo jwenn ankourajman pou suiv prensip biblik nan trètman angwas yo. Yo jwenn envitasyon pou reflechi sou plan orijinal pwòpte [san defo] ak fidelite seksyèl Bondye a. Tout kreyasyon Bondye a jwenn apèl pou onore Li nan Kò yo ak nan chwa mòd lavi yo (1 Korentyen 6.19) ak tout kwayan yo, moun transeksyèl yo jwenn ankourajman pou tann Bondye e resevwa tout konpasyon diven, lapè, ak gras nan antisipasyon retou Kris la talè konsa, lè tout bon jan disip Kris yo pral restore konplètman nan ideyal Bondye a.  

Tradiksyon : © Redaksyon an

__


[1] Diagnostic and Statistical Manual of Mental Disorders, 5th ed. (DSM-5TM), edited by the American Psychiatric Association (Washington, DC: American Psychiatric Publishing, 2013), 451.

[2] [sila yo ki pran nesans ak mank klète jenital kapab ou ka pa benefisye tretman chirijikal korektif]

[3] gade DSM-5TM, 451–459.

[4]  fraz sa se pati yon ti rezime sou disfori seksyèl ki bay pou entwodui  DSM-5TM ki te pibliye an 2013

https://www.psychiatry.org/File%20Library/Psychiatrists/Practice/DSM/APA_DSM-5-Gender-Dysphoria.pdf (accessed April 11, 2017)

[5] [abiman-kwaze, refere kòm konpòtman travesti, li entèdi nan Detewonòm 22.5]


Partager maintenant: