Skip to content Skip to left sidebar Skip to footer

Lespri ak Lavi

Partager maintenant:

Rekèy Im ak Kantik espirityèl

Rekèy sa a, ki san patisyon, se konpilasyon 249 powèm/pwezi ak melodi. Li tradui volonte Alelouya Ministries pou l ede popilasyon espresyon Ayisyèn yo aklame Bondye nan lang nasyonal Ayisyen yo.

Travay adaptasyon, tradiksyon ak konpozisyon chan sa yo ki te  kòmanse nan lane 2015 te mande anpil rechèch ak analiz sitou nan chwa mo yo ak chwa chan yo, epi ak pasaj biblik ki ale ak yo a. Sa pa t fasil, men, Bondye te toujou bò kote ekip la.

https://alelouya.org/wp-content/uploads/2019/10/LESPRI-AK-LAVI-PPT.zip

Nou sèten tout chan ki nan rekèy la va ede adoratè yo chante non Bondye nan twa nivo, an rapò ak Sòm 150.1, 2 :

  1. Kontanplasyon : Louwe L nan grandè puisans Li. Se kreye yon imaj mantal pawòl ki nan chan an. Chant lan fè yon imaj osnon reprezantasyon ak mo l ap chante yo.
  2. Aklamasyon:Louwe L nan zèv vanyan L yo. Se esprime, pibliye, rakonte, ak jès ansanm ak|osnon ak mo bagay mèvèy Bondye fè yo. Chante L, bat bravo pou Li.
  3. Meditasyon : Louwe L nan jan L gran.Se egzamine pwofondè grandè L nan kontèks sitiyasyon osnon rezonlouwanj lan.

Tit Lespri ak Lavi a se yon envitasyon pou tout moun peze pawòl y ap  chante yo. Chak pawòl yo gen efè nan lavi yo ak sou lafwa yo nan Bondye. Pawòl yo gen lavi e yo charye yon kantite enèji(gad Jan 6.63).

Travay sa pa pafè, ni konplè, men, li te enpòtan pou n te soti yon premye edisyon. Nou louvri pou resevwa tout kalte remak pou nou kapab amelyore lòt edisyon ki gen pou soti yo.

Tout glwa se pou Bondye ki te met flanm sa nan kè nou !

Li pa yon obligasyon pou chante tout estwòf chan yo yon sèl kou. Se sa k fè li enpòtan pou nou peze lide otè yo esprime nan chak estwòf chan yo.

Akonpanyatè yo : koris, mizisyen ak direktè chan yo, gen pou obligasyon pou yo mennen yon lavi nan bonjan relasyon ak Bondye paske y ap gen anprent yo nan aksyon chan yo nan lavi adoratè yo, sitou nan louwanj kolektif yo (2 Istwa 5.13).

Klike la pou w telechaje l kounye a.


Partager maintenant:

Attachments